Sa Ou Dwe Konnen Konsènan Plan Retrèt ou an

Authored By: United States Department of Labor

Plan ekonomi pou retrèt konpayi w ap travay ladan l lan se yon pati esansyèl nan sekirite finansyè ou alavni. Li enpòtan pou w konprann kijan plan w lan fonksyone epi ki avantaj ou pral resevwa. Menm jan ou t ap mete kontwòl sou lajan ou mete labank oswa yon lòt enstitisyon finansye, li nan enterè w pou w mete kontwòl sou avantaj retrèt ou yo. Tiliv sa a ap ede w konprann plan w lan epi l ap eksplike w ki enfòmasyon ou dwe revize detanzantan epi ki kote w dwe ale pou jwenn èd ak kesyon w genyen yo.

Last Review and Update: Nov 07, 2025
Back to top