Yon Bon Kote Pou Moun Rete

Authored By: U.S. Department of Housing and Urban Development

Li enpòtan pou moun genyen yon bon kote pou yo rete. Gras ak Ajans Lojman Piblik ou a (PHA), Pwogram Sètifika ak Pwogram Vawchè pou Lojman ki baze sou lwa ki rele Seksyon 8 la, ede ou lwe yon bon kote. Ou lib pou w chwazi nenpòt ki apatman ou nenpòt ki kay ou vle, depi li ranpli kèk kondisyon ki baze sou kalite. Daprè Pwogram Sètifika Seksyon 8 la, lojman an pa dwe koute plis pase pri lwaye nòmal ki sou mache a (an anglè: Fair Market Rent). Sepandan, daprè Pwogram Vawchè pou Lojman an, yon fanmi kapab deside lwe yon kay oubyen yon apatman ki chè e peye lajan ki an plis la. PHA ou a va ba ou plis enfòmasyon sou tou le 2 pwogram yo, e sou kijan yo detèmine kontribisyon pa ou nan lwaye a.

Last Review and Update: Apr 24, 2023
Back to top