Employment
Click on a sub-topic below for legal information, referrals to legal service providers and information about your local courts relating to that sub-topic.
Depoze yon Plent
Ou (oswa reprezantan w) gen dwa pou w depoze yon plent konfidansyèl pou sekirite ak sante epi mande yon enspeksyon OSHA sou espas travay ou si w kwè gen yon danje grav oswa si w panse patwon w pa suiv nòm OSHA yo. Yo ta dwe depoze plent la pi vit posib apre yo fin remake danje a. Yon plent ki siyen gen plis chans pou l lakòz yon enspeksyon sou plas.
Vòl Idantite ak Benefis Chomaj
Eta yo te fè fas ak yon vag nan fo reklamasyon benefis chomaj kèk rezo krim òganize sèvi avèk idantite yo vòlè. Kriminèl yo ap itilize idantite yo vòlè sa yo pou fè fwod epi kolekte benefis nan plizyè eta.
Sa Ou Dwe Konnen Konsènan Plan Retrèt ou an
Plan ekonomi pou retrèt konpayi w ap travay ladan l lan se yon pati esansyèl nan sekirite finansyè ou alavni. Li enpòtan pou w konprann kijan plan w lan fonksyone epi ki avantaj ou pral resevwa. Menm jan ou t ap mete kontwòl sou lajan ou mete labank oswa yon lòt enstitisyon finansye, li nan enterè w pou w mete kontwòl sou avantaj retrèt ou yo. Tiliv sa a ap ede w konprann plan w lan epi l ap eksplike w ki enfòmasyon ou dwe revize detanzantan epi ki kote w dwe ale pou jwenn èd ak kesyon w genyen yo.