Employment

Click on a sub-topic below for legal information, referrals to legal service providers and information about your local courts relating to that sub-topic.

Depoze yon Plent

Ou (oswa reprezantan w) gen dwa pou w depoze yon plent konfidansyèl pou sekirite ak sante epi mande yon enspeksyon OSHA sou espas travay ou si w kwè gen yon danje grav oswa si w panse patwon w pa suiv nòm OSHA yo. Yo ta dwe depoze plent la pi vit posib apre yo fin remake danje a. Yon plent ki siyen gen plis chans pou l lakòz yon enspeksyon sou plas.

Sa Ou Dwe Konnen Konsènan Plan Retrèt ou an

Plan ekonomi pou retrèt konpayi w ap travay ladan l lan se yon pati esansyèl nan sekirite finansyè ou alavni. Li enpòtan pou w konprann kijan plan w lan fonksyone epi ki avantaj ou pral resevwa. Menm jan ou t ap mete kontwòl sou lajan ou mete labank oswa yon lòt enstitisyon finansye, li nan enterè w pou w mete kontwòl sou avantaj retrèt ou yo. Tiliv sa a ap ede w konprann plan w lan epi l ap eksplike w ki enfòmasyon ou dwe revize detanzantan epi ki kote w dwe ale pou jwenn èd ak kesyon w genyen yo.

Back to top